Youn nan estrateji Gouvènman an deside pou batay kont grangou ak malnitrisyon se ankouraje tout Ayisyen plante epi sèvi ak Morenga-Benzoliv.
Pou nou kapab sèvi ak tout gran kalite pyebwa sa a genyen nan zafè nitrisyon, pou fè lajan epi pou pwoteje anviwonman an, Gouvènman te deside ankouraje diferan ajans leta a ak sosyete sivil la, pou yo te mete ansanm pou fòme yon gwoup travay sou koze Morenga a.
COLFAM ki Komisyon Nasyonal ABA GRANGOU a te kore gwoup sila a ki te prezante yon pwopozisyon pou yon gran Pwogram nasyonal. Tout òganizasyon yo te diskite Pwogram sa a jou ki te 30 avril 2013. Pwogram nan pwal pote non : PLANDOLIV
Gade repòtaj Video sou Morenga-Benzoliv an Ayiti : http://youtu.be/QxWwmTu82eg