Unipaj Twitter Youtube Sit la an kreyòl
Logo du MARNDR Sib
Politik Agrikòl
Enfrastrikti agrikòl
Pwodiksyon Nasyonal
Ankadreman
Akey sit la > Kreyòl > Aktyalite > KOMINIKE MINISTÈ AGRIKILTI RESOUS NATIRÈL AK DEVLOPMAN RIRAL SOU ZAFÈ (...)

KOMINIKE MINISTÈ AGRIKILTI RESOUS NATIRÈL AK DEVLOPMAN RIRAL SOU ZAFÈ IDANTIFIKASYON BÈT YO AK KONTWÒL ABATAJ LA

Lè nou konnen se devwa Leta pou garanti lavi moun ak sekirite byen moun ansanm ak sante popilasyon an.

Lè nou konnen dekrè 30 sektanm 1987 ki kreye Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral, ki ba li responsabilite fè pwomosyon aktivite elvaj, veye sou sante bèt yo epi pote kole nan pwoteje sante tout moun .

Lè nou konnen se responsabilite Ministè Agrikilti pou bay pwodiktè agrikòl yo bonjan ankadreman teknik ak sosyal, yon fason pou ede devlopman ekonomik nan milye riral la

Lè nou konnen jan elvè yo ap monte yon masuife ak pwoblèm vòlè bèt yo, ki kite yo san souf, toupatou nan peyi a, e jan pwoblèm sa a ap dekouraje elvè yo paske sa lakòz plis mizè.

Lè nou konnen lè yo tiye yon bèt san pa gen kontwòl enspektè sanitè sa kapab yon danje pou sante moun e donk jan li enpòtan pou retabli, san pèdi tan, yon sistèm enspeksyon sanitè.

Lè nou konnen, diferan atik kòd riral peyi a, tankou atik 84, 87, 92, 93, 94, 95, 97, 99, 101, 104, 241, 242, 249 ak 301, ki bay Ministè Agrikilti dwa ak responsabilite regle zafè idantifikasyon bèt yo, deplasman bèt yo ak kontwòl abataj la, menmjan tou pou veye sou pwoblèm sante moun ki gen pou wè ak sante bèt yo.

Lè nou konnen gwo ijans ki genyen pou bay peiyzan yo satisfaksyon nan kwape zafè vòlè bèt bandi ame tout plim tout plimaj ap fè nan peyi a

Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral, Nan tèt kole ak Ministè Enteryè Kolektivite Teritoryal, Sante Piblik ak Popilasyon, Kòmès ak Endistri, Jistis ak Sekirite Piblik, ap enfo`me fè tout popilasyon peyi a sou sa ki deside :

POU TOUT SA KI GEN POU WÈ AK IDANTIFIKASYON AK DEPLASMAN BÈT YO

1- Resansman tout bèf ki koumanse premye oktòb 2013 la, pwal rapousuiv nan ane 2014 la sou tout teritwa nasyonal la. Tout elvè, tout gadè ak moun ki posede bèf, gen obligasyon fè ajan veterinè Leta rekonèt yo, konnen ekzistans bèf sila a, epi tou prezante papye ki pou pwouve bèf la se pou li, jan sa prevwa nan atik 99 kòd riral la.

2- Tout bèf pral idantifye ak yon pè zanno, ki gen yon nimero ki gen 10 chif , yon zanno pou chak zorèy. Ministè Agrikilti sèl distribitè e se ajan veterinè leta rekonèt sèlman k ap mete zanno nan zorèy bèf yo. Mete sou sa, bèf yo ap idantifye ak yon kanè vaksinasyon . Nan kanè sa a nap jwenn NIF oubyen CIN mèt bèt la, nimero 10 chif ki nan zanno yo, dat bèf la te vaksinen ak non ak so ajan veterinè Leta rekonèt

3- Nan respè atik 94 kòd Riral la, Leta deklare tout bèf dwe idantifye epi vaksinen kont maladi chabon. Desizyon sa a ap aplike jodi a menm nan Depatman Nò ak Nòdès. Pou lòt depatman yo, Ministè Agrikilti a ap anonse dat yo pi devan.

4- Nan depatman Nò ak Nòdès, kote yo deja kòmanse ak kanpay idantifikasyon an, se sèl bèf ki idantifye e ki gen kanè ki pwouve li te vaksinen, ki ka kapab jwenn lese-pase pou mounn ka sikile ak yo, soti nan yon kominn ale nan yon lot ;

5- Nan depatman Nò ak Nòdès , nan respè atik 104 ak 241 kòd riral la, tout moun ki ta vle koumanse oubyen rapousuiv aktivite kòmes transpò bèf, kit se apye oubyen nan machin, dwe al pran yon otorizasyon nan men Direksyon Depatmantal Ministè Agrikilti Nò a oubyen Nòdès, selon kote moun nan rezide ;


POU TOUT SA KI GEN POU WÈ AK ABATAJ BÈT YO

1. Pandan tout ane 2014 la Ministè Agrikilti pwal rapousuiv ak pwogram fòmasyon ak rekonesans 450 enspektè veterinè k ap anchaje pou koumanse fè sipèvizyon abataj bèf ak cheval.

2. Abataj bèf ak cheval dwe fèt sèlman nan abatwa osinon ekzakteman nan yon pwen kote lameri ak Ministè Agrikilti bay otorisasyon pou sa.Tout aktivite touye bèf ak cheval dwe fèt ak prezans yon enspektè veterinè Leta rekonèt k ap la pou fè kontwòl teknik la.

3. Tout moun ki vle koumanse oubyen rapousuiv aktivite touye bèf ak cheval dwe gen yon patant komèsyal pou pèmèt li fè sa. Moun sa dwe enskri nan lameri zòn kote l ap viv la, oubyen zonn li ta vle fè aktivite touye bèt sa a.

4. Leta entedi fòmèlman pou yon moun touye yon bèf oubyen yon cheval nan lakou lakay li

5. Tout moun ki ta vle touye bèf nan tanp oswa nan seremoni kapab fè l, depi responsab seremoni a al pran yon otorizasyon ofisyèl nan men lameri kote seremoni a ap fèt. Lè konsa, lameri ap enfòme enspekète veterinè a pou li kapab aplike regleman sanitè a sou bèt yo pwal sakrifye yo.

6. Tout sa ki sòt di la yo pral aplike nan tout depatman ak tout komin peyi a, youn apre lòt. Otorite Leta yo gen pou anonse dat l ap kòmanse nan chak komin.

Pòtoprens, 20 desanm 2013